Kalfou verite
Nan kalfou verite tout sekrè
Benyen kò touni
Lè boko mayas la debouche
Se anba nen yon sèl moun
Pou sant lan monte
M pa kwè w ap vin mande m
Kisa m vle di
Ni kilè sa pral fini
Sou silans mwen m te chita
M t ap kesyone misyon
Lang ak dyòl gen pou akonpli
Lespri revolisyonè dyòl alèlè m
Fè m konnen m dwe ekri “kalfou verite”
Ladan yo va konnen kisa m konstate
Kòman n dwe kanpe
Ak enpòtans tèt kole
Nou se nasyon k plis maltre
Malgre tout kapasite n posede
Ak tout bon fwi n ka pote
Se pa poutèt yon pyebwa tonbe
Pou n kite l gaspiye
Avan lò a te vin presye
Li te pase anba dife
Men anpil chay pa lou tande…
Papa k ap monte pitit fi
Tout bagay fin fèt
Men yo paka met sa nan lari
Lenj lan fin lave nan fanmi
Men li vin rense nan “kalfou verite”
Si pa t gen sitirè
Pa t ap gen vòlè
Pou jèn gason k tonbe
Politik prizon kraze
Prizonye soti tou ame
Tèt chaje!
Demokrasi melanje ak diktati
Egal ak anpil demagoji
Gen sa k pa menm chwazi
Pou yo dirije yon fanmi
Poutan yo gen foli prezide sou tout yon peyi
Nou pa gen ase lank pou nou ta fin ekri
Ni dyòl pou n pale tout koze k ap pase
Men nan kalfou verite
Tout koulèv dòmi tèt deyò
Pa gen ni granri ni kouridò
Kanta pou verite
N ap bay li san triye.