1804 vs 2010 

Manman poul la te fin ponn ze l
Pa gen pentad ki te ede l kale l
Sa vle di lè chay sot sou tèt, 
Se sou zepòl li tonbe 

Wi sakpay bourik la byen chaje
Men tete pa janm twò lou pou mèt li
Ou pral di m ou pa konprann sa m vle di 
Depi ti bourik la fè sa l sevre 
Sa pa gade l si fyèl manman l pete 

Zaboka a te mèt pouri 
Grenn li toujou di 
Bannann vèt la degize kou fig mi
Malè pou tout dan pouri 

Lanmò bourik ranje chen se vre
Men, senti granmoun nan mare byen sere
Ak yon mouchwa 7 ne 
Nan kalfou endepandans li kanpe
L ap kesyone premye janvye
12 janvye mande pou l konfese.