Lari Pòtoprens 

Lari Pòtoprens se  
Tout sa ou pa ta imajine 
Li se chanm prive
Li se chanm pou kouche 
Li se kabinè tout avoka san papye 

Salon pèp la
Se yon tribinal san jij ki pou met ola 
Lari Pòtoprens se klas san pwofesè 
Li se lopital fo doktè
 
Lari Pòtoprens se yon laboratwa 
Li se tèren foutbòl jenès la 
Lari Pòtoprens se yon otèl bèl zetwèl 
Wi, li sire kon poupe twèl

Lari Pòtoprens se yon poubèl 
Wi, li se yon poubèl san kouveti 
Yon gwo lakou kote malè pa avèti 
Lari Pòtoprens, hmm… Ou gen fyèl!